Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.
Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.
Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!
Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!
Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.
Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33
SIKILÈ SATANIS YO
Chè frè ak chè zanmi, nou kontan pou pataje ak nou sikilè satanis sa a, ki ekspoze kèk nan riz ak estrateji satan yo kont Legliz Jezi Kris la.
Nou priye pou ke je nou ouvri davantaj sou aktivite ak manèv satan yo, pou nou ka gen plis disèneman nan sa ki konsène zèv li yo nan mitan pèp Bondye a.
Sikilè satan sa a konfime ansèyman sou "Konba Espirityèl la" ak "Disèneman an" ke nou te etidye. Nou ankouraje nou pou li de ansèyman sa yo, si nou poko li yo. Yo se yon gran richès. Yo sou sit la www.mcreveil.org.
Ke Bondye beni lekti nou an, e ke San Mèt nou an, Senyè ak Sovè Jezi Kris kouvri e rekouvri totalman tout nou menm nèt!
Ekstrè Konba Espirityèl Satan Tranble
Soti nan wa siprèm nan
Nan Wayòm Fènwa Yo Ak Manti Yo, B.P. 000001 Lanfè
A:
Direktè Afè Lanmò Espirityèl, B.P. 000002 Lanfè
Chè ensanse’m nan,
Bann nouvèl trè enkretan ak konfòtab rive jwenn mwen konsènan sa k’ap pase nan repiblik Kameroun e ak nan lòt peyi nan mond lan an nantye. Donk yo rapòte ke a koz neglijans nou ak jan nou mal apresye bagay yo, Ennmi jire’m nan, Jezi Kris, kòmanse genyen plizyè moun, transfòme lavi yo, e ba yo yon nouvèl espwa, ak yon sans direksyon, ak mete yo nan lame’L la. Sitiyasyon an si efreyan ke tout anpi’m nan, ni majeste wayal mwen an tou, tranble pandan’l tande sa ki te deja pase e ki ka pase ankò, sof si yo ta fè imedyatman kèk bagay pou anpeche sa.
Rapò yo montre ke Ennmi’m nan, Jezi Kris te kaptire kèk nan meyè moun nan Kameroun e ak nan lòt peyi yo e yo si tèlman fidèl avèk li ke yo prè pou fè nenpòt sal ye a pou Li. Yo renmen’L. Yo obeyi’ L e sa vin evidan ke nou te pèdi anpil tèren.
Pèt detriman nou an trajik depase tout deskripsyon. Kèk moun nou te konte sou yo yon fwa kòm se te moun pa nou pou tout tan, te rekipere pa Ennmi nou an, Jezi Kris. Bagay yo pa ka kontinye konsa, si non nou pral gen yon dega dirab anvan ke tan nou an ekspire. Konsèy militè siprèm mwen an te reyini li anba pròp patronaj mwen e te debat swanyezman bann problèm nan fason elabore. Nou rekòmande mezi sa yo pou yon aksyon imedyat pou ka regle sitiyasyon an imedyatman ak yon fwa pou tout. Si ou aji rapidman e sajman, nou pral kapab espere ankò. Konsa, li nan meyè enterè’w ak pa’m pou aji konvenabman pou nou ka kontrole sitiyasyon an imedyatman ak nan fason dirab.
I- Pouse chèf yo nan tout relijyon yo ak tout denominasyon yo pou panse ke pozisyon yo si menase pa mesaj "repantans lan anvè Bondye ak angajman total a Senyè Jezi", ke yo pral opoze yo avèk amètim a mesaj sa a e pral fè tout sa ki posib pou kanpe’l. Fè tout sa ki nan konpetans ou pou mennen tout dirijan sa yo menm sa ki nòmalman pa antann yo ant yo, pou ini yo nan sèl bi pou atake mesaj sa a. Pouse chèf denominasyonèl yo bay manti sou yo nan fason tèrib ke pèsonn pa pral vle koute yo.
Men, fè atansyon. Pa pèmèt ke chèf relijye sa yo chase diferan sistèm disiplin Ennmi’m nan, donk si yo konplètman rejte, yo pral etabli bann asanble vivan selon modèl ki dekri nan lib pòch Ennmi’m nan, Bib la. Si sa rive, koz nou an pral grandman kanpe. Ou te komèt yon erè konsa nan pase, e jiska kounye a n’ap sibi ankò konsekans kondwit ensanse’w la. Kounye a, fòk ou ta pèmèt ke chèf relijye nève sa yo ka tolere mesaj la e mesaje sa yo e kenbe yo nan sistèm yo a. Pandan ke yo nan sistèm sa yo kote mwen gen plizyè dirijan ki kapab, nou pral touye mesaj la, detwi vizyon an e mete sitiyasyon an anba yon kontròl strik.
II- Prosede ki pi efikas ou pral pou mennen chak sistèm relijye yo etabli yon kontrefason nan sa ke disip Ennmi’m sa yo (Jezi Kris) kòmanse ap fè a. Ke sistèm mwen yo pale tou de Evanjelizasyon a kondisyon ke "Evanjelizasyon sa a" pa mennen moun yo a Jezi Kris, men ke li kondwi yo nan yon sistèm relijye ou nan yon sòt klèb. Ankouraje sistèm mwen yo tou pou òganize bann reyinyon priyè, bann etid biblik, elatriye, men rasire’w ke yo antreprann aktivite konsa yo san ke pa genyen yon veritab repantans ak yon vrè angajman pa rapò ak Ennmi nou an (Jezi Kris).
Fòm priyè konsa yo pa pral jwenn Bondye men pral vin jwenn mwen "Donk tout sa ki peche pran orijin nan mwen e fini nan mwen", e mwen pral konn kòman reponn a priyè sa yo. Bi predominan dèyè imitasyon reyinyon sa yo se pou mennen nenpòt moun nan ki nan sistèm mwen yo e ki dezire priyè yo, etid biblik, evanjelizasyon Ennmi’m nan pou kwè e pou di: "Nou gen bagay sa yo tou. Pa gen okenn diferans ant nou menm avèk yo". Nan genyen sa nan panse yo, yo pap janm fè fas ni reyaji ak Verite Ennmi’m nan e konsa, yo pral pou nou nèt.
III- Mennen tout moun pou di ke Mesaj "repantans anvè Bondye ak lafwa nan Senyè Jezi" sa a se prodwi yon nouvèl sèk. (Mwen te fè sa anvan avèk siksè lòske mwen te an afè a fanatik Pòl sa a) (Travay 24, 2-8)
Metòd sa a te gen siksè nan premye syèl la. Li pral gen ankò siksè jodi a. Kòm ou konnen’l byen, nou rekonèt avèk regrè profondè angajman disip Ennmi nou an. Sa fè anpil pèn pou konnen ke yo kòmanse ap sakrifye anpil nan lajan yo pou simaye mesaj Ennmi nou an (Jezi Kris) ke don yo a pral sètènman ogmante nan lavni. Pa gen anyen ke nou ka fè pou anpeche yo bay. Sepandan, mwen sigjere yon bagay. Men li: fòk ou fè kouri anpil mansonj sou disip Ennmi’m nan nan tout milye yo. Ou konnen ke mwen se papa manti ak mantè yo: konsa, itilize’m konsa ke ajan sekre’m yo (demon yo ak lespri mantè yo) pou manti sou finans yo a nan di ke lajan yo a ke y’ap itilize a soti an Amerik, Eròp, ou nan nenpòt kèl lòt andwa ke ou ka panse. Fè chataj sou travay yo a, sou lavi yo, e sou chak aksyon yo. Fè yo yon tablo tèlman nwa ke posib. Pou kèk nan moun mwen yo ekri bann fo rapò kont yo, elatriye. Avèk tout sa, ou pral ka genyen kèk rezilta tanporè, sa ki pral fè nou genyen plis tan pou reflechi e pou planifye.
IV- Ou konnen trè byen ke genyen kèk denominasyon ki kwè nan menm verite biblik ak fanatik Jezi yo. Sepandan, a koz de travay fidèl nou te fè anvan an, nou te touye zèl denominasyon sa yo, detwi idantite yo ak enjekte nan yo yon lespri konpromisyon, nan fason ke yo dezire pou tout moun aksepte yo. Konsa, nou te rann yo pi zoumwen enpisan tankou sistèm sa yo ki pa kwè ak laverite a.
Sepandan, menm si moun sa yo te pèdi zèl yo a, yo rete kan menm pitit Ennmi’m nan Jezi. Kounye a mwen vle ke ou pouse pitit sa yo ki te pèdi zèl yo a, non pou yo pa konsantre yo sou defay espirityèl yo a pou ke yo pa jwenn yon ouvèti, men pou yo mete yo pito pou atake fanatik zele Jezi sa yo. Pouse yo pou konsantre atak yo a sou moun k’ap antreprann bann kanpay tout kote e pouse yo pou di mal de tout group ki gen zèl ak vizyon. Si ou ka sèlman reyisi a travè moun ki te pèdi zèl ak vizyon pou yo ka konsantre yo sou moun ki anpòte pa zèl ak vizyon pou Ennmi’m nan, (Jezi Kris), n’ap genyen konba a. Men sekrè ki dèyè sa: pandan ke y’ap konbat aktivman frè yo ki gen zèl o, yo pral akonpli tach nou an, e konsa nou pral ka konsantre lòt kote.
Tou, kan yo pral chaje ak èn kont nouvo ekspansyon Levanjil Ennmi’m nan (Jezi) ladann yo menm tou kwè a, yo pral bliye kondwit regresyon espirityèl yo e, konsa, yo pral demere nan kondisyon sa a pou gran avantaj nou. Pandan ke nou pral reyalize plan espesyal sa a, nou pral bezwen anpil politès. Nou dwe kòmanse pa dirijan enfliyan yo e ale dousman. Pa bliye ke yo pa pou nou, e ke yo ka disène sa ke nou vle fè a, e, si yo disène; yo pral repanti yo, yo pral rekonsilye yo e nou pral ekspoze nan lawont ak nan retrè total. Jis genyen yon bagay nan panse nou, pa konte anpil sou moun nan pitit Ennmi’m yo pa chwa pèsonèl. Yo pa genyen anyen materyèlman nan sa. Sa vle di ke yo plis objektif nan apresiyasyon yo se bann sòlda radikal Ennmi’m nan e yo pa konsekan pi ouvè nan aksyon Ennmi’m nan. Ou pral plis reyisi avèk moun ke yo rele yo "sèvitè a plen tan yo", paske yo pa wè sèlman enterè Ennmi’m nan, men kèk nan yo profondeman preyokipe pa lefèt ke sistèm relijye yo ka kontinye fonksyone pou ke anplwa yo a ak pozisyon yo a ka ansekirite. Konsa, itilize yo. Men kòm mwen te di, nan tout sa, ou sou yon tèren danjere paske Lespri Ennmi’m nan nan yo.
V- Nou te aprann a propo de bagay tèrib ki rele "entèsesyon nan jèn nan" (sèl panse ak sa fè’m mal nan kè). Ou pa ta dwe janm pèmèt ke yo kòmanse yon bagay konsa. Kounye a, moun sa yo ap jene e priye nan nonb k’ap ogmante, e si yo ta priye sèlman pou bagay espirityèl, se pa t’ap si movè. Men y’ap priye pou tout aspè: Dirijan politik yo a, gouvènman yo a, ekonomi nasyonal yo a, agrikilti yo a, sante yo, rout yo, projè devlopman yo, sistèm edikasyon yo a, sekirite nasyonal yo a, elatriye, an plis revèy ak tout enterè Jezi yo. Rezilta priyè sa a fè depi plis pase sèten se ke genyen yon pi gran amoni nasyonal nan lavi politik peyi a, nan yon epòk kote plizyè peyi tonbe an pyès: e ekonomi nasyonal yo a ap ogmante rapid e asireman, gen yon lapè ki soti nan Ennmi’m nan (Jezi Prens Lapè a).
Tout sa se detriman’m. Mwen vle lagè, donk mwen se prens lagè e lagè kontribye nan akonplisman plan’m yo. Mwen vle povrete donk mwen ka itilize’l pou avantaj nou! Mwen vle enstablite, donk mwen ka itilize’l tou pou detwi Wayòm Jezi a e pou bati pa’m nan! Mwen òdone nou pou fè lagè kont entèsesyon nan jèn sa a pou Kameroun. Fè sa yo: fè ke vayan sòlda Ennmi’m sa yo, Jezi Kris gen espesyalman grangou e swa espesyalman fèb nan Mèkredi yo, nan fason ke plizyè nan yo chache bann rezon pou pa jene chak semèn.
Fè ke moun sa yo k’ap pèsiste nan jèn ak lapriyè dòmi nan reyinyon priyè yo. Veye pou ke sa pa repann nan plizyè vil. Fè ke dirijan relijye yo ki wè bezwen ak pisans ministè sa a pa rejwenn yo a koz yo jalou pou moun ke Ennmi’m nan Jezi Kris te itilize a pou inisye sa.
Tout domèn priye dwe atake nan yon fason total. Ou pa ka fè kanpe vèy denwi yo? Si ou pa kapab, redwi konsiderabman nonb moun ki pral vin ladann e prezan nan chak vèy denwi pou lapriyè genyen avèk ou yon plen dòz somèy, fatig, mank priyè, doulè, mank konsantrasyon, elatriye, e enjekte tout bagay sa yo nan yo pou ka rann yo mwen efikas. Sa a se yon tach nan pi enpòtan yo si nou vle reyisi nan Kameroun ak lòt kote, donk nou pa wè konsekans byen lwen piye yo a? Yo priye pou Tchad, Nijerya, Amerik, Kore, Lachin, Japon, Larisi, Lafrans, Angletè, elatriye. E avèk chak priyè, Ennmi nou an genyen sou nou.
VI- Ou dwe fè tou bagay sa yo sou fanatik Ennmi’m nan. Tou dabò, dekouraje yo nan tout direksyon. Atake afè yo, etid yo, anplwa yo, fanmi yo, kò yo, elatriye. Voye bann milyon demon nan valiz yo. Pa ki te yo konnen ke yo te domine’m e ke avèk otorite Jezi Kris, yo ka pouse’m mwen menm, wa lanfè a ak ou menm, fidèl sèvitè’m, ak tout lame nou an byen antrene ak byen fòme nan dezespwa.
Ou dwe kache yo fè sa a. Ba yo yon fo enpresyon de grandè’m nan e prezante yo yon tablo Jezi an echèk. Fè yo kwè ke yo nan defèt e non tankou bann wa k’ap renye avèk Jezi e k’ap konbat nan viktwa. Fè ke plizyè nan yo retrograde ak demisyone. Ou te reyisi nan direksyon sa a nan pase e sa te pèmèt nou rekipere nan kan nou an ak nan sèvis nou an plizyè moun ke nou te yon fwa konsidere tankou "pèdi", sepandan ap kontinye. Se pou’w san pitye. Atake yo san pitye. Si tout metòd echwe, detwi lavi yo, donk se pi bon pou retire yo konplètman nan sèn nan ke pou wè yo ap konbat aktivman kont nou.
Answit, fè ke yo antre nan peche e pou yo demere ladann tankou nan yon vi nòmal. Ou pa kwè ke w’ap reyisi avèk peche yo "malelve" tankou adiltè, fònikasyon, vòl, kòripsyon elatriye. Donk ti men moun sèlman ki komèt jan de peche sa a, e menm aprè yo fin komèt li, yo pral santi yo si tèlman trè nève ke yo repanti yo, pral resevwa padon Ennmi’m nan e pral reentegre lame a pou lite kont nou.
Itilize peche "sivilize" yo ki sanble li pèmèt nan milye yo a men ki anpeche yo tout menm genyen yon kominyon profon avèk Ennmi’m nan, Jezi. Peche sa yo gen ladan yo tou jalouzi, ògèy, kòlè, egoyis, mansonj, egzajerasyon, vye panse sal, parès, wazivte, mank padon, mank priyè, endisiplin, avaris, mank damou, elatriye. Ou wè, nou vle detwi yo. Nou konnen ke "gwo" peche yo pa pral mache. Ti "piti" sa yo pral reyisi. Yo pa trò konvenki de peche lòske yo komèt ti "piti" peche sa yo, e pa konsekan, yo pap repanti yo, men peche sa yo koze dega. Sa rive espesyalman a moun ki zele yo, donk trè souvan yo pa wè ke ògèy se peche ki bay nesans a wayòm nou an e ki kenbe yo nan fason nèt ale nan wayòm sa a.
Anfen atake direksyon yo. Ou konnen konbyen yon direksyon enpòtan. Pa egzanp, san direksyon’m, wayòm nou an t’ap nan fen li. Yo ka di avèk rezon ke wayòm nan se mwen. Si’m detwi, se fini. Menm bagay la aplike pou Ennmi nou an tou. Jezi Kris se direksyon siprèm yo: men nan chak andwa li gen yon moun ou yon gwoup moun sou li tout bagay repoze. Nan ka ki an kesyon an, gen yon obstat an patikilye ki koze pa retrè frekan sa a nan direksyon nan bann andwa solitè pou priye, k’ap tann a bann nouvo direktiv e ak yon renouvèlman enèji k’ap soti nan Ennmi nou an. Sa ki tris, se ke sa a pase, pa sèlman pou yon moun, men pou yon nonb kwasan nan direksyon an. Sa a pèmèt yo genyen kèk bagay nan Ennmi nou an, pou ke an depi de anpil echèk yo ak feblès yo, yo solidman an kontròl e fè avanse bagay yo nan detriman nou.
Mwen pa panse ke ou ka fè kèk bagay pou anpeche yo genyen rankont sekrè sa yo avèk Ennmi nou an, donk yo fè’l a koz yon vrè lanmou pou Li, nan yon reyèl dezi pou sèvi’L. Sepandan ou ka fè yon sèten nonb bagay pou limite yo.
1- Pouse moun ke y’ap dirije yo pou yo jalou de yo e pou atake yo an sekrè.
2- Pouse plizyè nan moun k’ap priye pou yo a pou yo jwenn bann defo nan yo e pou sispann priye pou yo.
3- Mete nan yo yon profon santiman solitid pou kouvri yo pandan ke y’ap pote fado direksyon an, nan fason ke yo ka pèdi lajwa yo.
4- Pouse plizyè nan moun k’ap dirije yo a pou desi de yo e pou koze yo anpil pèn.
5- Rann vizyon an progresivman flou pou yo ka pa konnen ki kote y’ap kondwi moun yo.
6- Bloke chak tantativ yo fè pou fè avanse zèv la. Itilize menm pròch kolaboratè yo pou fè sa. Sa pral kondwi yo nan dekourajman; e yon fwa ke yo pral dekouraje, yo pral sispann anvizaje gran bagay, pou fè gran priyè, pou travay anpil, pou yo ap atann gran bagay nan men Bondye. Nan ka sa a nou pral ka redwi yon zèv ki genyen anpil potansyalite pou atenn mond lan an nantye a kèk bagay ki pa pral okenn konsekans menm nan yon sèl nasyon.
7- Fòk ou atake totalite popilasyon non kwayan an pou asire’w ke antrepriz nou an sou yo ap dire.
Mwen rekòmande sèt bagay sa yo:
1) Vlope tout non kwayan yo ak yon lespri nan tout fason pou yo pa pran oserye envitasyon Jezi a pou yo repanti yo pou yo ka sove. Fè yo kwè ke Levanjil pa vrè piske yo pa ka demontre’l nan laboratwa syantifik.
2) Pouse moun ki kwè ke pawòl Bondye a vrè pou voye desizyon yo pou yon lòt jou, pou resevwa Kris nan yon lè yo pa konnen. Pouse yo pou kontinye, pou voye’l pou demen jiskaske’l trò ta.
3) Ranpli kè moun yo nan lanmou pou alkòl ak pou plizyè diven, pou bann nouvo rad ak bann nouvo mòd, bann mòd diferan kwafi, bann diferan modèl vwati, bann nouvo jwèt, elatriye; fè jis nenpòt bagay la ki ta ka distrè yo ak epanye yo tout okazyon pou reflechi sou sinyifikasyon lavi, sou kondisyon pèdi, sou jijman inevitab Bondye a, e envitasyon Jezi Kris la pou yo repanti yo a e pou yo rekonsilye yo ak Bondye. Pouse yo pou konsantre yo sou "isi e kounye a"; sou fè bagay, plezi, selebrite, elatriye.
4) Ranpli peyi a ak plizyè relijyon ki ofri moun yon bèl filozofi lavi men ki pap mennen’l a yon kontak vital avèk Jezi ki di: "Mwen se chemen, lavi ak laverite a. Pèsonn pa ka jwenn Papa san’l pa pase pa mwen". Fè ke yo tout kwè ke bon zèv yo ap mennen yo nan syèl e konsa, yo pap wè nesesite pou aksepte Jezi Kris.
5) Pouse plizyè pou diskredite Bib la, nan di ke li pa ala mòd, e pou chache yon vèsyon modèl k’ap pèmèt yo genyen bann relasyon seksyèl anvan maryaj, e pou komèt bann avòtman ak tout bagay ke yo ta vle fè.
6) Simen yon profon krent nan kè plizyè moun, pou yo kwè ke si yo bay Jezi Kris tèt yo nèt, yo pral pèdi pozisyon sosyal yo. Pouse yo pou prefere pozisyon sa yo isi a e kounye a, pito ke genyen yon tròn nan syèl la avèk Jezi Kris kan l’ap retounen. Rasire’w ke mesaj retou Jezi Kris la pa janm preche ou ansenye.
7) Fè nenpòt bagay la ak tout sa ki posib pou veye pou yo pa konvèti a Jezi Kris, donk tanke yo rete san konvèti, yo pou mwen, ke yo se bon moun ou move moun.
Si ou veye seryezman sou tout bagay sa yo, nou pral rejwenn kontròl la e kenbe bagay yo nan favè nou.
Raple’w ke tan an kont nou. Fen an pa lwen e sa ka se dènye okazyon nou. Se pou’w saj, plen taktik ak riz.
Mèt ou, satan
(wa lanfè a, senyè tout mal yo ak papa manti yo)
Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!
Chè frè ak sè,
Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:
1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.
2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.
Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!
Sous & Kontak:
Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org