Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

PLAN SATAN KONT KRETYEN YO


Chè frè ak chè zanmi,


Nou kontan pou pataje ak nou sikilè mond fènwa sa yo, ki mete toutouni kèk nan riz ak estrateji satan yo kont Legliz Jezi Kris la.


Nou priye pou ke je nou ouvri davantaj sou aktivite ak manèv satan yo, pou nou ka gen plis disèneman nan sa ki konsène zèv li yo nan mitan pèp Bondye a.


Sikilè satan sa yo konfime ansèyman sou "Konba Espirityèl la" ak "Disèneman an" ke nou te etidye. Nou ankouraje nou pou li de ansèyman sa yo, si nou poko li yo. Yo se yon gran richès. Yo sou sit la www.mcreveil.org.


Ke Bondye beni lekti nou an, e ke San Mèt nou an, Senyè ak Sovè Jezi Kris kouvri e rekouvri totalman tout nou menm nèt!


RIZ DYAB LA POU NWI KIL LA


Dyab la t’ap rann li nan kil la, li te an navans.


- Kote ou prale la a? Yo te mande’l.


- Nan tanp lan, kote’m an afè. Poukisa mwen pa ta ale defann mwen la kote y’ap atake’m nan?


- Defann tèt ou? Men kòman ou w’ap fè pou ale defann tèt ou nan yon Legliz kote mond lan kont ou?


- Pòv novis! Mwen gen mil mwayen pou reyisi. Bonè nan maten, pa egzanp, mwen aranje’m pou yon bagay enprevi rive, o! Se pa gran bagay: kèk envite ki anonse pou midi, yon ti rim ke’w pral deside koupe nan rete anba dra… Mwen te apèsi’m ke se te pi fasil ankò: yon lasèt soulye ki kase jis nan moman pou pati a, yon bouton ki manke, lèt la ki tonbe, chat la ki malad, pann gaz, machin nan ki pa demare, timoun yo k’ap pèdi tan, e sa prale, yo pa pral nan kil la. E menm si yo ale nan kondisyon sa yo, mwen trankil, avèk bann problèm konsa yo pap profite kil la ditou.


Nan Legliz la, mwen fè an sòt ke moman rekèyman an k’ap swiv kil la enposib: Se trè difisil! Li sifi pou de ou twa moun ap pale anpil nan al la, ou nan fon Legliz la, ou nan oditwa a pou ke asanble a pa rive reyini yo e priye! Mwen aranje’m pou fè plis moun vin an reta ke posib, e mwen tire doub profi nan sa: moun sa yo la a te rate kòmansman kil la e yo te deranje lòt yo pandan kenz premye minit yo, se sa ki rele genyen!


Genyen moun ki pran’m san’m pat konnen e ki rantre nan lye kil sa a pou premye fwa. Kòm mwen pa dezire pou yo retounen ankò, mwen te menm mete yon dispozitif pou’m atake yo davans: pèsonn pa ba yo yon rekèy kantik, pèsonn pa salye yo, ni kan y’ap antre, ni kan y’ap soti, mwen te remake ke sa te sifi pou ke yo pa wè yo menm ankò. Yon timoun ki fèmen pòt la trè fò, yon parapli ki tonbe, ou nenpòt lòt bwi chèz sifi òdone pou fè yon bon pati nan moun yo vire tèt yo.


Mwen fè moun ki rive anvan yo tou swit okipe dènye plas yo, pou moun ki an reta yo ka fòse rete kanpe nan mitan an, ou pou travèse tout tanp lan, se pou mwen yon doub profi, donk asistans lan distrè e yo menm pou evite enkovenyan sa a deranje, pa retounen nan fwa kote mwen fè yo rive an reta yo, pa yon enprevi nan dènye minit.


Mwen eskamote konsa de ou twa reyinyon pa mwa. E pi, mwen genyen mil tou nan sak mwen; li sifi pou gen yon ti pasyans e mwen gen plis pasyans pase yo yo menm!


Yon jèn plen antouzyas… sa fè’m mal sou plas, men depi’l marye e yo pa pral wè’l pratikman ankò menm. Mwen angaje’l nan bann projè konstriksyon kay, e antouzyas li a ralanti.


E pi si’w te ka li nan tout kè yo pandan chan yo, priyè a ak mesaj la. Youn ap panse a komès li, lòt la a promnad li, lòt repa midi a, yon lòt a kay li. Mwen gen bann panse pou glise nan lespri yo e yo akeyi yo fasilman, o pwen ke kèk prezan nan kò, men konplètman deyò nan panse. Epi, mwen pa tap fini si’m ta di tout, mwen aranje’m pou kèk pa padone, pou yo pa antann yo ant yo e pou ka chita lwen youn ak lòt, pandan y’ap panse ak rankin yo! Bèl devosyon!


Konsa, ou wè ke mwen gen rezon pou ale nan kil la e ke pou’m fè bèl afè ladann. Nan lye plezi yo, afè’m yo fèt pou kont yo. Mwen pa trò bezwen konsantre atansyon’m nan yo. Men nan tanp lan, se lòt bagay, Fòk mwen rann mwen ladann e si posib anvan tout moun!


Konsa dyab la t’ap rezone pandan li te nan chemen an.


KONVOKASYON SATAN POU YON KONVANSYON MONDYAL


Nan diskou ouvèti’l la ak anj dechi’l yo, li di:


Nou pa ka anpeche kretyen yo ale Legliz, nou pa ka anpeche kretyen yo pou li Bib yo e pou konnen laverite a, nou pa ka menm anpeche yo pou fè eksperyans nan yon relasyon avèk Jezi Kris. Men si yo reyisi relasyon sa avèk Jezi, pouvwa nou an sou yo brize. Ann kite yo genyen estil vi konsèvatè yo a, men ann vòlè tan yo pou anpeche yo genyen relasyon entim sa a avèk Jezi Kris.


Alò men sa ke mwen vle ke nou fè, anj dechi: “Distrè yo, anpeche yo pou mete men yo sou Sovè yo a e pou kenbe relasyon vital sa a chak jou”. Alò anj yo di: “Kòman nou ka fè sa?


*Kenbe yo okipe nan bagay ki pa esansyèl nan lavi a e envante bann mouvman pou okipe lespri yo.


*Pouse yo pou depanse, depanse, depanse, prete, prete, prete.


*Konvenk fanm yo pou yo al travay pandan anpil lè e mari yo pou travay sis, sèt jou pa semèn, 12h pa jou pou yo ka ofri tèt yo sa ke yo dezire a.


*Anpeche yo pou pase tan yo avèk timoun yo ak fanmi yo, nan yon ti tan kay yo a pa pral ofri ankò okenn mwayen nan tansyon travay yo a.


*Estimile lespri yo toujou pi plis o pwen ke pou yo ka pa tande vwa dous sa a menm ankò (Sentespri a).


*Pouse yo pou louvri radyo a, kasèt yo ou CD yo kan y’ap kondwi ak televizyon videyo yo, Cd yo ak odinatè yo a toujou ap mache nan kay yo a.


*Veye pou ke chak magazen ak restoran nan mond lan jwe mizik ki pa biblik san rete, sa pral ranpli lespri yo ak kase inyon yo avèk Jezi Kris.


*Plen ti tab yo a avèk magazin ak jounal pou yo ka anvayi ak nouvèl mond lan 24/24, chaje panno piblisitè sou tout wout la k’ap atire yo kan y’ap kondwi.


*Inonde bwat lèt yo ak kourye ki pa entèresan, katalòg, tout sòt konkou ak tout sòt lèt promosyonèl nan ofri bann prodwi gratis ak bann sèvis piblisitè ki ofri bann fo espwa.


*Mete anpil mannken mèg e manyifik sou premye paj magazin yo pou gason yo ka kwè ke bote deyò a pi enpòtan ke bote ki kache anndan an, e nan moman sa a menm yo pral fache kont madanm yo e sa pral brize trè vit fanmi yo.


*Nan moman rekreyasyon yo a ou detant, pouse yo eksesif, pou yo soti nan moman sa a konplètman epwize, pa an pè menm e pa prepare pou semèn k’ap vini an.


*Pa kite yo ale nan lanati pou medite mèvèy Bondye yo.


*Voye yo nan pak atraksyon yo, wè bann evenman espòtif, asiste bann konsè, ale nan sinema.


*Kenbe yo okipe, okipe, okipe e kan yo rankontre youn lòt pou bann rankont espirityèl, pouse yo nan medizans, nan bavadaj, ke yo ale aprè rankont sa yo avèk lespri yo trouble ak bann emosyon dezekilibre.


*Ale, lèse yo angaje yo pou genyen bann nanm men ranpli lavi yo ak anpil bon koz pou yo pa gen tan pou chache pisans ki soti nan Jezi a. Trè rapid, yo pral travay e pral fè tout sa avèk pròp fòs yo nan fè sakrifis sante yo ak fanmi yo pou bon koz e sa pral mache, sa pral mache…


Se te vrèman yon bon konvansyon! Alò anj dechi yo te pati trè vit kite konvansyon an avèk pou misyon pou mennen kretyen yo pou yo tout kote pi plis okipe, pi plis prese, pandan yo prale isit lòt bò.


Kesyon pou’n poze tèt nou se: “Èske satan te reyisi misyon’l lan?” A nou menm pou jije.


SIKILÈ SATANIS YO


A tout satanis yo: reprezantan yo, prensipote yo, a tout ajan yo, a tout pouvwa yo, a tout lespri movè yo (mechan), e ak tout fòs ajan demon inivè a:


Kretyen yo ap fè nou plis mal toujou, e, si nou pa fè atansyon, nou pral pèdi tout bagay.


Mwen ta vle atire atansyon nou sou rezolisyon yo ke nou te pran pandan reyinyon nou an Madi 1 novanm 1991 lan, nan minwi pou rive nan 1h nan maten.


Nou sonje ke tout kretyen yo pat enfòme de aktivite nou yo ke nou te programe yo ane dènye e nan fè sa a, nou te trape anpil nan yo e mwen felisite nou.


Men, pou kounye a, bagay yo chanje kòm mwen ka remake’l nan No kontròl x-x-1-00 pi lwen ke lanmò e lavi ak No sekrè pou kontrole inivè a.


Kretyen yo vin serye pi plis a koz de fòs priyè a e tou a koz de lafwa fèm yo. Kisa ke nou pral fè?


Men sa ke nou pral fè pou reyisi:


Ann aksantye trik nou yo nan itilize Bib la nan move sans, espesyalman pou predikatè yo ak pastè yo; e, aplike tou teknik ak taktik yo ke nou te pran pou deseni 90 la.


Se pou nou yon titan pi serye ke anvan. An ba a, gen bann taktik ak bann trik ke nou pral aplike sou kretyen yo. Sepandan se pa tout, genyen ladan yo ki deja nan filè nou e pa okipe ipokrit yo; nou pran yo deja:


1- Pa pèmèt yo li Bib la ki se Sous Lavi a, men pito, ankouraje yo pou li bann ouvraj ke Bib la, tankou bann liv relijye, bann istwa amizan, magazin nan bibliyotèk nou an ak lòt liv ki pa trò entèresan. Konsa, kan tantasyon an pral vini, yo pa pral gen fòs menm pou reziste.


2- Pa janm pèmèt yo jene pou yon koz jis, e si yo fè’l, y’ap fò e nou pral detwi.


3- Pouse yo nan parès pou lapriyè. Donk si nou pèmèt yo priye, Lespri Bondye pral pèmèt yo dekouvri plan nou yo e venk nou.


4- Mande yo pou rete pòv nan entèdi yo pou pa janm bay dim ak ofrann, don elatriye menm ankò E pou youn pa renmen lòt pou yo ka pa ini e plan nou an ap reyalize.


5- Pèmèt yo bay dim okazyonèlman, paske Bondye renmen moun ki bay avèk jwa. Donk, pòv, yo pap gen lajwa, yo pap bay menm ankò tout dim nan paske yo pral gen anpil problèm e yo pral bay avèk anpil ezitasyon ak regrè.


6- Pa pèmèt yo pou yo renmen youn lòt nan yon lanmou veritab e sensè nan Mèt yo a Jezi Kris (O, mwen pa janm vle prononse non sa a!) Se pou yo renmen sèlman nan bouch men se pa nan lanmou sa a ki soti nan kè a. (Liv Bib la 1 Korentyen 13. Modifye vèsè 7 ak 8 la pandan n’ap di fòk yo pa renmen youn lòt jiskas ke yo genyen mal nan kè yo, ke genyen bann limit…)


7- Mennen yo pou kritike youn lòt.


8- Ba yo libète ak sajès nan manti e pou di toujou manti; tikal pa tikal, sa pral kontribye nan kòd pou mennen yo antre nan wayòm satan an jis nan site dife a pou toujou. Mwen swete ke nou ka pratike ou aplike bann trik selon aktivite nou bay yo.


9- Lèse yo konnen tout bagay sou retou Jezi Kris la (O, non sa a!) men nan oblije panse ke gen tan ankò e pou di yo sa pral ka rive nan 100 an, 200 an ou plis, alò ke an reyalite, Jezi ap vini talè e li toujou kenbe pawòl li! Konnen ke avèk retou pròch li a, pozisyon nou an vin pi fèb de tanzantan chak jou.


10- Ke yo pa temwanye ou pa preche Levanjil. Pou moun ki gen televizyon yo pouse yo rete souvan devan televizyon yo a pandan bann lè ak bann lè pou yo ka pa gen ni tan pou li Bib la, ni pou priye. Ke youn rayi lòt, ke yo rete nan separasyon.


Mwen pral voye lòt trik pou nou men, pou kounye a, itilize taktik sa yo dabò, dis sa yo. Nan ka konplikasyon, telefone 00-000-000 ki se liy dirèk la, answit nou pral bay No kòd nou an.


N.B.: Mache toujou avèk lèt sa a e pa sede’l avèk okenn lòt moun, paske si kretyen yo dekouvri sekrè yo, nou pral gen bann difikilte tèrib e plan nou an pral echwe.


Mwen swete nou tout yon bon chans pou edisyon sekrè sa a 1990-1999 e pa janm bliye pou rankontre nou ebdomadèman nan katye jeneral la.


Prochen fwa, nou pral diskite sou pwen sa yo:


1) Kòman pou fè echwe tout pastè yo?


2) Kòman pou itilize meyè mwayen yo pou dekouraje kwayan yo?


3) Kòman trape kwayan yo?


4) Kòman pou anpeche vi priyè yo a?


5) Kòman pou fouye ajan nou yo nan foli yo a?


Si nou gen sigjesyon, vin avèk yo pou konplete sijè anwo yo.


Pa nou an, pou lit k’ap kontinye jou e nwit nan 24h sou 24.


Lisifè, satan


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF